Société

An Ayiti, medam yo konn sibi menas mennaj yo lè yo deside kite

Jou ki te vandredi premye janvye 2021 an, yon jèn gason yo rele Zendeng Cherestal touye menaj li, Sherley Monfort, ak plizyè kout kouto. Tèt chaje sa a te rive pwodui apre Sherley Monfort te deside mete bout nan renmen li ak jèn gason sa.

Pwovèb la di jalouzi konn fè moun vin mechan. Men kèlkeswa nivo jalouzi a, sa pa ta dwe yon rezon pou yon gason menase, bat, osinon touye yon fanm. Dayè, pa gen okenn rezon valab pou jistifye yon zak konsa. Krim sa ki te fèt nan kòmansman mwa janvye 2021 an, nan zòn Kanapevè, te touche anpil moun. Sou tout rezo sosyal yo, popilasyon an t ap mande jistis pou Sherley Monfort ak fanmi li. Sa ki sèten, se pa premye fwa yon fi ap viktim vyolans akoz jalouzi moun ki nan vi l la. Gen anpil fi ki konn sibi menas, ki konn twomatize, men malerezman se lè sa pi grav li rive nan zòrèy nou.

Vyolans sikolojik se yon kansè ki touye tou dousman. Diferans li pa rapò ak vyolans fizik la, se paske, li menm, ou pa ka wè l. Kidonk, li konn difisil pou pote yon moun ki ap sibi vyolans sikolojik sekou si li pa deside pale. An Ayiti, menm jan ak plizyè lòt kote nan mond lan, anpil gason konn pa tolere lè yon fi di yo relasyon yo a p ap ka kontinye. Yo konn souvan reyaji trè mal. Yo konn menase, bat e menm rive retire lavi fanm sa.

Sara se yon Jounalis Ayisyen ki dekri ansyen mennaj li tankou yon moun ki posesif epi ki jalou anpil. Aprè plizyè separasyon epi paske bagay yo pa tap byen mache pou yo 2 a, jèn fi sa, ki gen 25 lane sou tèt li, te deside anonse jèn gason an li pa vle kontinye ak relasyon yo a. Men reyaksyon jèn gason sa ta pral enkyete l e menm rive twomatize l. « Plizyè fwa mwen te eseye kite l men li te toujou jwenn yon fason pou li konvenk mwen rete ak li. Men yon jou, mwen te oblije pran distans mwen. Mwen te menm abandone kay manman m pou m t al pase 2 mwa kay yon matant mwen jèn gason an pa konnen, pou l pa t vin anmède m. Yon jou lè mwen vin rekwaze ak li, mwen di l nou p ap ka tounen, e se lè sa li di m si mwen kite l pou yon lòt moun lap touye moun sa a. E li menm avèti m mwen pa gen dwa pou m kite l, se lè li vle pou nou kite. »

Dapre sa Sara rakonte, li te pran menas sa yo pou yon blag, jouskaske li remake zanmi gason li yo kòmanse ap pran distans yo ak li. « Mwen gen 2 zanmi gason ki dim ansyen mennaj mwen rele yo, li di yo li konn kote yo abite e si yo apwoche m l ap tire yo ». Jèn gason sa ki pat ka sipòte separasyon li ak demwazèl la te pase anpil tan ap asele l, yon bagay ki te vin ogmante laperèz Sara. « Mwen te vin twomatize tèlman li te konn ap anmède m. Pafwa m konn ap dòmi epi mwen santi prezans li nan chanm nan. Li menm konn vin lakay mwen trè ta epi li di si m pa soti l ap reveye tout moun nan zòn nan. Yon sitiyasyon m pa swete okenn fanm viv. »

Kontrèman ak Sara, Edlin ki se yon fanm Pòtoprens ki gen sèlman 23 lane, pa t sibi sèlman vyolans sikolojik. Aprè 2 lane kote li te nan relasyon ak mennaj li, yon jèn gason ki gen menm laj avè l, li te vinn santi l about paske menaj li te konn frekante twòp chen ak chat. « Anpil fwa, mwen konnen lap twonpe m, mwen konn fè kòmsi m pa konn anyen. Mwen te vin fache ak li, se lè l al koze ak yon kamarad mwen ki nan inivèsite a. »

Dapre sa etidyan nan ekonomi nan fakilte Dwa ak Syans Ekonomik la fè konnen, mennaj li te konn di l depi li kite l yon jou, l ap touye l. Menmsi demwazèl la pa t pran menas sa yo oserye, li te deside al kay jèn gason an pou di l yo p ap ka kontinye. Men, sa ki ta pral pase annapre a te depase esperans Edlin. « Li te katrè nan apremidi lè m rive lakay li. Li te poukont li paske matant li k ap viv menm kote avè l, ki se yon machann, potko rantre. Lè m fin eksplike l pouki rezon nou p ap ka kontinye, li mande m padon, li menm kriye, men mwen pa t okipe l e mwen te pran direksyon pòt la pou m soti. Se lè sa li bare m, li fèmen pòt la epi li banm yon kout pwen anba ti vant. »

Edlin raple l li pa t ka kanpe sou 2 pye l. Se ak yon doulè atwòs li te tonbe sou 2 jenou l paske li te nan peryòd règ li. « Se kòmsi se yon kout kouto mwen te pran nan vant. Malgre mwen te tonbe atè a li te banm plizyè kout pye. Ak bouch li, li tap trete m de tout move non ki egziste. Li dim le jou mwen vin di l mwen kite l ankò l ap touye m epi antere m nan raje. »

Demwazèl la te oblije di paran l tout verite sou jèn gason ki te nan vi l la. « Mwen te santi lavi m menase, men m pat pèdi tan mwen te di moun lakay mwen sa. Nou t al pote plent lajistis, dosye a pat mache jan nou te swetel la, se lè sa papa m te deside al kay ti gason an pou entèdi l apwoche m. »

Edlin fè nou konnen sitiyasyon sa te vin kòmanse fè l pè gason. Akoz presyon paran l konn ap ba li, li te konn pè adrese e menm salye yon gason. « Se premye fwa yon gason leve men li sou mwen. Sa ki dwòl la, mwen te panse m te nan yon relasyon epoutan se byen prive yon moun mwen te ye mwen pa t konnen. »

Jalouzi lakoz anpil fanm pèdi libète yo

Nan kesyon vyolans sou fanm, yon sèl fwa gentan twòp. Pafwa mank ledikasyon ak move kontwòl sou emosyon konn lakoz fi viktim anba men gason. Sa konn vin pi grav, lè fi a pa ka fè diferans ant yon gason ki jalou ak yon gason ki posesif. Pa janm gen separasyon nan yon relasyon pou pa gen yon moun ki afekte anpil, men kèlkeswa nivo afektasyon yon moun, kèlkeswa rezon ki fè relasyon an kanpe, nanpwen rezon pou ou pran libète lòt la.

An ayiti se pa sèlman Sherley Monfort ki viktim vyolans anba men gason. Ka pa li a kapab pi resan e te fè plis bri. Anpil moun toujou sonje lanmò aktris Ginoue Mondésir nan lane 2005. Epitou, nou pa ka bliye nan ki sikonstans atwòs Ernest Rigot te touye Marlène Colin, nan katye Fon Aleksi, nan jakmèl ak plizyè kout kouto nan dat ki te 3 me lane 2018 la. Anviwon 4 mwa avan krim tèrib sa nan Jakmèl, se te moun Gonayiv ki te leve ak yon move nouvèl kote William Joseph alyas Sakala ki se yon antreprenè tout moun konnen nan site Lendepandans lan te bat Nadège Isaac jouskaske li rive touye l.

Feminisid an Ayiti

Nan sosyete ayisyen an, anpil fanm ki pèdi lavi yo pa mouri pa aksidan, jan patnè yo ki konn pafwa otè krim lan konn pretann li devan lajistis. Menm si nou pa gen anpil tan depi n ap itilize mo feminisid la bò lakay nou, sa pa vle di fenomèn nan ra an Ayiti. Selon Òganizasyon Mondyal Lasante, nou ka pale de feminisid se lè yon gason (nan majorite ka yo) touye yon fanm volontèman. Men nan yon definisyon ki pi laj, feminisid se lè moun nan viktim paske li se yon fi. Yon gason ki bat yon fanm jouskaske li touyel, yon ansyen mennaj ki retire lavi yon fi paske fi sa kite l, se kèk zak ke nou ka lye ak mo feminisid la.

An Ayiti, sèlman nan mwa janvye 2021 an, nan mwens pase 8 jou, soti premye pou rive 7 janvye, omwen 3 fanm mouri anba kout kouto patnè yo. Sherley Monfort, ki te gen 20 lane, Jepheline Beauvoir ak Derline Carénat ke fiyanse l te touye ak 6 kout kouto nan depatman sidès (Le National).

Menm jan ak anpil lòt peyi, majorite ka vyolans sou fanm ak tifi an Ayiti, se pa etranje ki fè yo. Se menaj, fiyanse ak mari. Nan yon etid Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) te reyalize nan peryòd 2016-2017, li revele 29% fanm ak tifi an Ayiti sibi vyolans fizik depi nan laj 15 zan. Yon sitiyasyon anpil òganizasyon dwa fanm pa sispann denonse.

Selon estimasyon Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) anviwon 35% fanm, ki vle di yon fanm sou twa, sibi vyolans fizik nan men patnè yo nan mond lan. Nan ka sa yo, entèvansyon lajistis konn fèt trè ta. Viktim lan konn gentan mouri e koupab la konn gentan chape poul li. Lè yon fi sibi vyolans nan men patnè l e li chwazi fè silans, pèsòn p ap ka pote l sekou. Lajistis p ap ka anpeche sitiyasyon an agrave si moun nan pa denonse move zak sa yo. Tout zak vyolans fèt pou denonse.

*Sara ak Edlin se 2 non redaksyon an chwazi pou pwoteje idantite viktim yo.

Marckenley Élie

Marckenley Elie est un passionné de la lecture. Rédacteur à Rektili, il pense qu'on peut lutter contre la désinformation qui est toxique et meurtrière.
Bouton retour en haut de la page