Kilti

Jenerasyon Za : yon gwoup jenn devwe pou devlopman latizay ak lakilti

Se pa toujou lajan, ni enterè pou vin popilè ki sous motivasyon jèn ki kwè li enpòtan pou bay kilti peyi a jarèt. Se nan menm vizyon sa a, yon gwoup jèn te ini yo pou mete kanpe «Jenerasyon Za», ki se yon ekip ki chaje devouman ak talan, yon modèl pou tout jèn ki ta vle grandi nan sektè za nan peyi a.

Se nan lane 2020, epòk maladi kowonaviris la te kòmanse frape teritwa nasyonal la, gwoup kiltirèl «Jenerasyon Za» te pran nesans. Nan yon sosyete ki, de jou an jou, sanble ap pèdi gou pou zafè lakay, poutèt pwoblèm, poutèt dezespwa, plizyè jèn inivèsitè ak pwofesyonèl ki chaje talan, tankou : fè pwezi, jwe enstriman mizik, chante ak danse ; te twouve li enpòtan pou mete tèt yo ansanm pou bay valè ak sa ki merite. Ti konvèsasyon nou te genyen ak Dieuné RACINE, Direktè Atistik Jenerasyon Za, epi Joyce JULIEN, manm gwoup sila, te pèmèt nou jwenn enfòmasyon ki montre kijan lanmou pou lakilti ak kouraj pou afwonte enterè nou yo, ki pafwa konn diferan, se 2 potomitan ki ta itil nan rekonstriksyon sosyete nou an.

Dieuné RACINE, ki gen pou non atis Grès Balèn, se direktè Atistik Jenerasyon Za e li te pran anpil plezi nan pale nou de  gwo kokennchenn estrikti sila. Grès Balèn se etidyan nan dènye ane sosyoloji, yon moun ki trè angaje, yon mizisyen tanbourinè ki pa manke talan nan jwe flit tou.

Yon ti rale sou orijin Jenerasyon Za, kantite moun li genyen epi sèvis li bay

Li te enpòtan pou nou retrase orijin Jenerasyon Za epi konnen kantite moun ki ap patisipe nan kore kilti peyi a nan travay y ap fè yo. Nou te vle genyen yon lide sou enterè jèn yo genyen pou lakilti epi konnen tou si volonte tèt ansanm nan te toujou kontinye manifeste pou sa ki bon. Etidyan nan dènye ane etid sosyoloji a te prezante Jenerasyon Za  konsa : « yon gwoup ki gen jenn fanm ak jenn gason nan vil Gwo Mòn ki mete tèt ansanm pou fè aktivite Za (arts): mizik, Dans, Teyat, Za Plastik elatriye ». Li te fè ti reflechi avan li ajoute li pa gen chif egzak men yo ta anviwon 50 jenn fanm melanje ak jenn gason.

Twonpetis ak saksofonis Jenerasyon Za k ap pèfòme | foto : Jenerasyon Za

Joyce JULIEN, alyas Joe Wozo, se mizisyen tanbourinè 2 gwoup ki anndan Jenerasyon Za : Waya Vodou Flit ak Wozo. Li chaje lòt chapo ankò, tankou : powèt epi dramatij, ki vle di li fè teyat tou. Li te pale nou de estrikti a yon fason ki pa diferan de Grès Balèn. Dapre sa l di nou, Jenerasyon Za oubyen Asosiyasyon Kiltirèl Jenerasyon Za, se yon kolektif jenn atis ak inivèsitè ki met ansanm pou pote kontribisyon yo nan devlòpman lakay sou plan atistik ak kiltirèl. Li te presize pou nou yo chita kò yo anba lobedyans sila a : Valorize – Pwopoze – Kreye.

Yon ti rale sou pakou Jenerasyon Za. Ki kote yo pèfòme deja, ki obstak ke yo rankontre

Nou te envite Grès Balèn ak Joe Wozo ba nou kèk presizyon konsènan fason yo fè pou jwenn opòtinite pèfome epi nou te pwofite mande yo tou si parapò ak estil vodou yo itilize a, nan kad aktivite mizikal, si yo pa konn gen diskriminasyon ki tonbe sou yo. Dènye kesyon sila te enterese nou anpil, lè nou konnen ase souvan, nan peyi nou, yo konsidere vodou a tankou yon move pratik.

Lè n te mande yo si se sou envitasyon yo fè espektak oubyen si se yo ki konn pwopoze tèt yo, epi nan ki zòn yo konn pèfòme, Grès Balèn te reponn nou konsa : « Nou plis fè espektak nou anndan Jenerasyon za. » Pandan li te tou presize Jenerasyon Za pa yon gwoup mizik men anndan Jenerasyon Za gen plizyè gwoup. Gwoup sa yo jwe Gwo Mòn plis men yo jwe lòt zòn nan Peyi a tou.

Dieuné Racine k ap jwe flit | foto : Sibelle Haïti

Atis Joe Wozo te rive ban nou plis presizyon ankò lè l te aprann nou Nan Asosiyasyon Kiltirèl Jenerasyon Za (AKJZ) gen 2 gwoup mizikal : Waya Vodou Flit ki chante mizik vodou epi Wozo ki se yon gwoup fòlklò. Li te di nou ankò gwoup sila yo jwe sou envitasyon. AKJZ fè pwopozisyon li sèlman nan kad lide pou avansman komin nan.

Sou koze diskriminasyon ki ta ka makonnen ak kesyon vodou a, dramatij la te presize gwoupman ki souvan envite yo se gwoup k ap travay sou koze lakilti ak vodou. Li te site kèk grenn pou nou tankou Thoy’art (nan Sid), ArtGonave ak ALBOUT, Reggae Mapou( nan Lwès), elatriye.

Repons sila montre yo kolabore ak moun ki abitye ak vodou a e ki pa gen okenn enterè anpeche yo pou sa. Nou te twouve sa pi fasil pase si yo te konn jwe pou moun ki pa nan sektè sa. Men Direktè Atistik la te presize se pa toujou konsa pandan l te ajoute tou “de tout fason, akoz de edikasyon Kiltirèl Pèp Ayisyen ki pa fèt, tout aktivite ki gen tanbou, vodou, yo toujou gade yo ak move je epi konstui diskou piman bouk sou yo”. Nou te jije se yon prèv kouraj, eseye menm lè w konnen ka genyen baryè. Se konsa kouraj la te vin parèt pou nou yon lòt potomitan ankò pou ede kilti lakay la kontinye egziste.

Yon ti rale sou kontribisyon Jenerasyon Za pote yon fason ki klè nan kore kilti peyi a

Nou te mande manm Jenerasyon Za yo, pèsonèlman kijan yo twouve yo kontribye nan sa k gen pou wè ak koze lakilti a tout bon vre. Ki fason ki klè, ki prèv reyèl ki pa ta chita sou rèv sèlman men ki ta manifeste nan aktivite, nan pratik Jenerasyon Za adopte.

Se ak anpil fyète Dieuné RACINE te pote repons pa li a pandan l aprann nou yo tanmen kontribisyon pa yo a deja. « Nou gen plizyè atelye fòmasyon nou fè nan Jenerasyon Za : Atelye Tanbou Vodou ak Fòlklò, atelye Dans Folklorik, Atelye Desen, Atelye Teyat elatriye. Epi nou pèmèt jenn yo ki se elèv lekòl aprann de kilti yo chak jou pi plis », konsa li te di nou.

Powèt la bò kote pa l te kore pawòl Direktè a ak mo sa yo : « Nou bay kontribisyon nou sou diferan fòm. Nan kad Atistik : atravè zèv n ap pwodwi, atravè konferans nou bay, mòd lavi nou mennen, fason nou abiye, fason nou viv antrenou, fason nou manje, elatriye. Epitou, nan kad Lang kreyòl : Lang kreyòl la make prezans li an majiskil nan tout sa nou pwodui, nan tout sa n ap fè. »

Nou te poze kesyon ki gen pou wè ak anbisyon grandi pou rive sou sèn entènasyonal la, Jenerasyon Za ta ka genyen. Lè nou konsidere pifò gwoup kiltirèl, gwoup mizik elatriye nan peyi a souvan konsidere pèfòmans nan entènasyonal la kòm pi gwo akonplisman yo ta ka genyen. Men Direktè Atistik Grès Balèn te ase dirèk nan repons li : « Se pa nivo entènasyonal la ki tradui agrandisman n yo men pito se rive jwenn sosyete a nan tout nivo l. »

Yon tanbourinèz Jenerasyon Za ak Joe Wozo | foto : Jenerasyon Za

Yo gen respè pou ansyen epi yo pa neglije mete fòs jenès yo nan feblès sa ki pi gran yo

Nan ti rès chita pale nou te genyen an, nou te rive konnen Jenerasyon Za se yon gwoupman jèn ki bay anpil valè ak travay pi gran te deja akonpli pou kilti peyi a. Yo te presize pou nou kijan yo te pote kole nan rann omaj ak Jean Ewald Dauphin, « yon gwo potorik gason ki te goumen pou bay mizik (enstriman a van) jarèt nan vil Gwo Mòn ». Apre 2 mwa lè yo te fin lanse, yo te òganize « premye vant siyati albòm KEMBE ki te soti depi 1991 nan peyi Kanada, pou atis Roro D’Haïti, yon atis militan ki bay lavi l pou denonse enjistis mas pèp la ap sibi men malerezman istwa te vle bliye » pou nou site Joe Wozo.

Yo entegre timoun yo tankou tout manm kominote kote y ap viv nan aktivite kiltirèl

Jenerasyon Za se yon inisyativ ki gen anpil kreyativite ladan l. Nan komin Gwomòn kote yo evolye, yo vini ak aktivite ki pou mete plezi nan kominote a, epi rapwoche moun yo de kilti lakay. Kòm prèv enplikasyon yo, yo te rive òganize yon jounen jwèt tradisyonèl kote tout timoun te kontan vin (re)dekouvri kèk jwèt ansyen. Yo te òganize tou yon espektak nan lari ki te gen dans, teyat, epi yo te pran inisyativ fè ekspozisyon zèv atistik ki te gen atelye penti ak lòt bèl aktivite.

Pou sila yo ki ta renmen dekouvri, bay ankourajman ak sipò pa yo a Jenerasyon Za, randevou a kase pou 6 novanm, nan Gwo Mòn. Direktè atistik la asire nou « ap gen Kébert Bastien kòm Atis envite. Waya Vodou Flit, Tchekhover Sax, Atis Joël se Atis ak gwoup andidan estrikti a k ap jwe. »

Se yon gwoup ki sanble kiltive anpil bon valè. Yon gwoup ki pa montre se lajan ki motive li nan patisipe l ap patisipe jan li kapab pou kenbe flanm kilti nou an byen limen.

« Nou anchene yon seri aktivite kiltirèl pou reveye konsyans moun yo e gide yo sou chimen rekonstriksyon mantal la. Rekonpans nou se lè nou wè plis jèn konprann lide a e vin met tèt avè n pou n vanse nan travay pou met kilti ayisyen an pi wo. Rekonpans nou se bravo nou jwenn nan men pi gran yo, ankourajman yo ban nou. »

Se sou pawòl sa yo, powèt Joe Wozo te pwononse ak anpil gratitid, nou te konkli konvèsasyon nou ak Jenerasyon Za.

Steevy Francisque

Jeune Capois, amateur de poésie, je me lance également dans l'écriture de nouvelles. Études interrompues à la Faculté de Linguistique Appliquée (FLA), étudiant en dernière année de Gestion des affaires à l'École Nationale Supérieure de Technologie (ENST).
Bouton retour en haut de la page