Écologie

Yon ti koutje sou Benzoliv

Ayiti se yon ti bout tè kote ki chaje ak tout kalte pyebwa ak plant ki soti swa nan peyi etranje osnon ki te la lontan deja. E malgre sa, anpil nan nou pa vrèman genyen yon twò gwo lide sou lanati vèt peyi sa. Nou wè pyebwa yo toupatou :  sou plas piblik, bò lanmè, sou tèt mòn, bò dlo jouk rive anba dlo. Nou pase kote yo chak jou, nou wè yo chak jou, nou tande pale de yo souvan oubyen nou poko janm tande pale de yo ditou, men yo la, anba je nou. Pou rive pèmèt nou voye on lòt kout je sou lanati vèt peyi nou, Rektili pote yon ribrik pou nou kote nap jwenn on kalte enfòmasyon ak detay sou plant, pyebwa ak fwi ki isit, an Ayiti.

Non Lasyans ba li : Moringa oleifera

 Li soti nan fanmi :  Moringaceae

Kibò plant sa soti ?

Benzoliv se yon plant ki soti nan zòn nò peyi Lend pou l al devlope tout kote ki fè cho sou Latè. Nan kontinan Amerik la, yo kiltive l depi nan peyi Etazini, espesyalman nan zòn sid Florid ak Kalifòni pou rive jis nan peyi Pewou, Paragwe ak Brezil.

Plant sila an Ayiti

Benzoliv se yon plant yo devlope anpil isit, kote yo ba l yon lòt non ; Yo rele l pye doliv. Se pa ak Benzoliv yo prepare lwil doliv yo vann nan magazen yo, men pito ak Doliv. Se ak yon lòt kalte pyebwa ki bay lwil doliv la.

Deskripsyon Botanik

Benzoliv se yon plant ki pa twò wo. Lè li fin grandi, li pa depase 30 pye1. Pyebwa sa a pa gen yon feyay2 ki twò wo non plis. Li bay anpil branch ak yon bann fèy konpoze. Chak fèy sila a genyen yon bann lòt ti fèy. Benzoliv bay anpil grap flè tou blan ki santi bon anpil. Fwi an tou long ; Li gen 40 santimèt longè e li louvri nan 3 fant. Anndan li gen jiska 30 grenn won e chak grenn sa yo gen 3 ti zèl.

Manje bèt

Benzoliv bay bon jan manje bèt. Fèy la gen ant 16 ak 29 pousan pwoteyin bèt dijere fasilman.

Lwil

Grenn benzoliv sèk bay yon lwil fen ki sèvi pou kuit manje, trè fasil pou konsève epi ki p ap janm gen gou rans. Yo sèvi ak li pou grese mont e pou fè savon tou. Lè yo fin retire lwil la nan grenn lan, bèt pa ka manje ma ki rete a paske l anmè. Se pandan premye gè mondyal la ki soti lane 1914 pou rive nan lane 1918, yo kòmanse sèvi ak luil benzoliv isit an Ayiti. Lè sa, yo te menm konn vann grenn yo lotbò dlo. Grenn benzoliv ka gen jiska 37 pousan luil ladan l.

Konsèvasyon sòl

Benzoliv bay lonbray. Li sèvi pou fè baryè vivan kont briz van. Yo fè angrè ak fèy yo tou. Rasin li kenbe tè an fèm pou dlo lapli pa bwote tè an ale.

Manje pou kretyen vivan

Moun manje fèy ak fwi ki wòwòt3 yo. Fèy yo santi bon. Fwi yo kase fasilman tankou pwatann. Bò kote pa yo, yo kwit grenn vèt yo ki gen menm gou ak pwa. Lò n ap prepare grenn sa yo pou fè manje, nou dwe byen chode yo. N ap jete premye dlo a. Apre sa, n ap kale grenn yo paske po ki sou yo a anmè. Yo ka rape rasin benzoliv la, lè li poko rèk. Li gen yon ti gou pike ki sanble ak radi. Se poutèt sa nan lang anglè, yo rele l horse radish tree. Yo manje flè benzoliv la lè li bouyi ak nan salad.

Tretman maladi ki tonbe sou lòt pyebwa

Fèy benzoliv genyen kèk pwodui ladan l ki konbat divès kalte chanpiyon ki lakòz plant yo pran maladi. Poutèt sa, nou ka antere kèk fèy benzoliv nan tè platbann kote n ap fè pepinyè yon semenn avan n simen grenn yo. Nou dwe konnen yo sèvi ak lèt ki soti nan rasin benzoliv la pou konbat Nematòd5.

Pwodui bote

Nan kòs ki sou tij ak sa ki sou rasin benzoliv la, yo jwenn yon koulè ki sèvi pou netwaye cheve moun e ki fè po yo vin pi bèl, pi klere e pi nwa. Tenti sa a fè po tèt moun nan rete pwòp e li pa gen kap.

Lòt bagay nou dwe konnen sou benzoliv

Benzoliv pa bay ni bon kalte bwa pou boule ni bon chabon. Bwa a mou. Poudbwa konn atake l. Yo sèvi ak gwo branch vèt yo pou fè poto kloti. Benzoliv sèvi nan endistri kote yo fè papye.

Benzoliv se yon plant dekoratif. Flè benzoliv bay yon trè bèl ak yon trè bon kalite siwo myèl. Lò yo pile grenn (ant 3 a 4 pou yon lit dlo) oubyen rasin benzoliv ki sèk, sa bay yon poud ki fè yon dlo sal vin potab.

Valè alimantè plant sila a

Fèy benzoliv yo gen anpil vitamin A, B ak 10 nan 22 asid amine ki antre nan konpozisyon pwoteyin vyann kò kretyen vivan. Nan 10 asid amine sa yo, nou jwenn :  ajinin (arginin), istidin (histidine), lizin (lysine), triptofàn (tryptophane), fenilalanin (phénylalanine), metiyonin (méthionine), treyonin (thréonine), lesin (leucine), izolesin (isoleucine), ak valin (valine). Anplis, chak 100 gram fèy gen ladan li 531 miligram kalsyòm, 142 miligram fosfò, 11 miligram fè ak 220 miligram vitamin C. Fèy benzoliv se bon manje pou timoun k ap grandi ak moun ki soufri anemi. Yo gen jiska 20 pousan pwoteyin ladan yo.

Ki pi bon kondisyon pou l devlope ?

Benzoliv se yon plant ki pouse kote ki fè cho. Li pouse nan plenn bò lanmè pou rive nan mòn ki pa depase 600 mèt altitid. Li pouse kote ki on jan sèk e ki resevwa 300 milimèt kib dlo lapli nan yon lane. Men nou dwe konnen, benzoliv se yon plant ki pouse pi byen kote ki resevwa chak ane ant 800 ak 1200 milimèt kib dlo lapli e li ka sipòte mwa sechrès. Li prefere tè lejè, tè fre ak tè ki pa kenbe twòp dlo. Li pouse byen tou nan tè ki gen anpil wòch ak tè ki on jan sale.

Ki jan yo repwodui benzoliv ?

Yo sèvi ak grenn benzoliv pou fè pepinyè. Yon kilogram semans ka bay ant 1400 e 1600 grenn. Semans sa yo pa konsève lontan. Nou ka simen yo dirèkteman nan sachè plastik a y ap leve ant 3 e 7 jou apre yo fin plante.

Ti plan yo grandi byen vit men yo bezwen lonbray. Lò yo poko gen 6 mwa, ti plan yo frajil anpil. Nan kote ki sèk, transplantasyon an difisil. Men kote ki gen bon jan imidite, transplantasyon an ka fèt ant 9 a 10 semèn apre yo fin fè pepinyè a.

Benzoliv se yon plant yo ka repwodui ak teknik yo rele boutiray la. Bouti sa yo dwe genyen yon mèt longè ak 4 santimèt dyamèt. Nan peyi Gwatemala, peyizan yo fè konnen lò yo sèvi ak bouti benzoliv ki pa twò long, ki plante pandan plenn lin ak nan epòk lapli, se pi bon jan pou bouti sa yo bay rasin byen vit.

Pa gen yon distans fiks pou plante Benzoliv. Distans lan depann de sa nou vle fè ak plant lan. Si nou vle plante benzoliv pou nou ka rekòlte fèy ak rasin yo kòm legim, nou ka plante plan yo pi pre ; lè sa nou ka rache yo apre kèk semèn. Lè ti plan yo jenn, bèt yo manje fasil. Se poutèt sa li preferab lòn ap plante benzoliv pou n sèvi ak bouti ki long. Si n vle plante bouti yo pou n fè kloti, nou ka plante yo pi lwen.

Yon plantasyon benzoliv, pou li bay fèy vèt pou fè legim, nou ka plante ti pye yo ant yon mèt ant chak ran ak yon mèt edmi ant chak twou sou chak ran. Sa vle di, n ap bezwen 8600 ti pye ki ka bay jiska 15 tòn legim sou yon kawo tè.

Men, si se fwi wòwòt, ki vle di gous pou fè pwatann nou bezwen, nou ka plante ti pye yo chak 5 mèt youn ak lòt. Sa vle di, n ap bezwen 516 ti pye ki ka bay ant 4 a 10 lane apre plantasyon an fin fèt, jiska 13 tòn pwatann chak ane sou yon kawo tè. Yon pye benzoliv, kòmanse donnen ant 6 a 8 mwa apre yo fin plante ti pye a.

Moun ki fè elvaj myèl ta dwe plante anpil pye benzoliv pou yo sa jwenn plis siwomyèl.

Kèk remèd yo jwenn nan benzoliv

Fèy, flè, grenn, kòs ak rasin benzoliv gen anpil remèd ladan yo. Yo sèvi ak yo kòm dezenfektan e yo gen vitamin C. Yo bon pou moun ki soufri maladi toudisman, foulay6 oubyen anflamasyon.

Moun ki soufri ak toudisman, sa vle di, maladi tèt vire, ka mete yon ponyen fèy benzoliv vèt ki pile nan yon moso twal pwòp pou retire ji a. Ji sa a, li ka respire li jiskaske toudisman an pase. Moun ki gen kèk anflamasyon k ap fè li mal oswa yon foulay ka pile enpe fèy benzoliv l ap chofe ak enpe lwil maskriti7 l ap mete nan yon moso twal. L ap mare konprès sa a kote ki ap fè l mal lan.

Jan nou wè li an, benzoliv chaje itilite. Li bay manje epi konbat maladi. Se yon pyebwa ki ale ak klima peyi nou an. Nou ta dwe plante l plis e pran swen li pou li pa fin disparèt nan peyi Dayiti paske pyebwa yo ak plant yo se richès nou yo ye.

  1. 30 pye :  10 mèt longè
  2. Feyay :  mas fèy pyebwa a
  3. Wòwòt : ki poko rèk, ki pa mi ase
  4. Rape : pase li nan rap pou fè ti moso (diferan de graje)
  5. Nematòd : se yon bann ti vè ki konn atake rasin plant tankou bannann
  6. Foulay :  Entorse nan franse
  7. Maskriti :  yo rele li palmacristi tou (huile de palme nan franse)

Bouton retour en haut de la page